Pwogram fòmasyon n lan


Pwogram fòmasyon teknik tradiksyon nou an (PFTT)


Asosyasyon LEVE siyen patenarya ak Inivèsite Leta Ayiti pou ede sosyete a devlope peyi a ak konesans kreyòl ayisyen ka pote pou moun ki pale l. Sa mande fòme plizyè pwomosyon tradiktè ki aksepte misyon louvri baryè eritaj entelektyèl mondyal la pou kreyolofòn ayisyen yo. Rezilta n ap tann pwogram fòmasyon sa a pote,  tank pwomosyon sou pwomosyon ap diplome,  se rasanble yon kantite tradiktè pwofesyonèl konsekan ki pare pou sèvi ak konpetans yo pou konsolide sistèm edikasyon an epi pou lòt moun ak òganizasyon lan sistèm administratif/ekonomik peyi a.  Kon sa y a eksplate tout potansyèl kreyòl la pou kominote k pale l la ak kominote k pale franse a epi simante relasyon ak inyon sosyete a pou n ka viv pi byen. Fò n ranfòse bibliyotèk kreyòl ayisyen an tou, rapid, avèk liv ki ekri nan de lang nan tout domèn.

Se nan kòz sa a nou envite w. Youn nan kondisyon pou w ladan l se maton pou w maton nan franse ak nan kreyòl. Si w pase nan konkou n ap òganize a, ou angaje tèt ou toujou la nan tout kou yo epi pou w tradui omwen 100 paj liv nan fòma edisyon LEVE pou pwojè prensipal pandan w ap pran fòmasyon an. W ap gen pou w fè sa tou, pandan senk an si w rive pran sètifka w, nenpòt kote lavi w mennen w,  nenpòt kote w ye sou tè a. Pandan peryòd sa a, chak tradiktè ki manm LEVE asepte nan pwogram lan ap ka amelyore konesans li. Chak tradiktè ap resevwa yon pati nan kòb liv li tradui yo ki vann dapre kontra l ap gen pou l pase ak  LEVE pou piblikasyon l yo.

Sesyon 2020-2021 ranvoye pou 2021-2022 !


Sou kontwòl espè inivèsitè Ayisyen ak etranje k ap bay lasyans ak konesans yo nan domèn lan, ak patisipasyon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an tou, ansèyman an gen fondman tankou :

  1. Teyori tradiksyon
  2. Deskripsyon lang kreyòl ayisyen : grafi ak fonoloji
  3. Analiz kontras kreyòl–franse : gramè ak òtograf
  4. Metòd ak prensip jeneral tradiksyon
  5. Tradikskyon nan anviwònman yo pale plizyè lang : ka Ayiti
  6. Pratik tradiksyon franse–kreyòl pou literati
  7. Tradiksyon pratik, kreyasyon ak parametraj zouti tradiksyon
  8. Tradiksyon, antwopoloji ak kilti
  9. Lengwistik nan devlopman ekonomi ak sosyete
  10. Tèminoloji
  • Responsab pedagojik fòmasyon an : M. Reno Goven |Renauld Govain|, Dwayen FLA (Fakilte Lengwistk aplike)
  • Responsab du program lan : M. Franns Goudè |Frantz Gourdet|, Prezidan LEVE. 

Li an franse tou  



Sur le partenariat établi par LEVE avec l’Université d’État d’Haïti (UEH)
Ana Kileveya, la promotion 2017 du Programme de Formation en Techniques de Traduction (PFTT)
Pourquoi avons-nous tant besoin de
traducteurs ?