Ki moun nou ye ?

Sa k ap fèt lakay nou


Depi 2015, Asosyasyon LEVE ap travay pou tradui liv tout lang ki soti nan tout peyi lan lang kreyòl Ayiti a. Liv jenerasyon sou jenerasyon moun ekri depi moun ap ekri, se yon rezèvwa entelijans. Etelijans sa a se enèji lespri, emosyon, rezon, rezònman, lide n,  entansyon n, ideyoloji, relijyon n, bèl-A bèlza n ak kilti n. Tout enèji sa a, pa bliye se avè l tout bagay, moun fè sou tè a, fèt. Solèy fèt pou klere menm jan pou tout moun, men enèji sa a limenm  bezwen chak moun transfòme l nan tèt pa l, depi l piti jouk li mouri, pou sèvi avè l pou pwòp tèt pa l, pou peyi l ak tout mounite a.


Pou ki sa n ap travay kon sa ?


Transfòmasyon sa a, se avèk lang ou konprann pou w fè l. Kon sa se pa chak Ayisyen ki dwe al aprann tout lang sou tè a, se tradiktè ki fèt pou drennen enèji a ba yo tankou tout pèp fè pou louvri pòt lòt peyi, pòt konpreyansyon ak zanmitay lòt pèp ak lòt kilti, pòt konesans ak devplopman. Nou distribiye liv nou tradui yo. N enprime yo lan de lang, bab pou bab, fas a fas bay elèv lekòl ak lòt moun ki pale kreyòl, pou yo vin ka li yo tou, si yo vle, yon lè oswa an menm tan, nan lang liv yo te premye ekri a. Nou founi moun ki pale dènye lang sa a menm liv sa a yo tou pou yo aprann li kreyòl. Kon sa n espere fè mank materyèl ak zouti pedagoji nan lang matènèl pi fò Ayisyen - pou n pa di tout Ayisyen - disparèt yon jou tou, pou mank sa a sispann bankal sistèm edikasyon Ayiti a, sispann plonje l tèt anba nan yon lanmè san fon ki pa bay rezilta depi plis pase de syèk, sòf pou yon ti tak moun. Yon ti tak pa ka gen ase sèvèl ni ponyèt pou devlope yon peyi pou kont li. Yon peyi, se tout moun ladan l ki pou devlope l. Demokratize n demokratize kilti ak konesans pou plis moun ak tradiksyon n ap pibliye yo, se travay n ap travay pou fè respekte dwa lengwistik tout moun Ayiti, dwa chak sitwayen genyen pou l chwazi lang li vle nan de lang ofisyèl peyi a pou l di sa l panse oubyen pou l resevwa enfòmasyon l vle nan nenpòt sitiyasyon ofisyèl, admistratif, komèsyal. LEVE ap milite pou pi fò moun ki pale kreyòl la pou kont li a yo LEVE KANPE, pou yo jwenn mwayen pou fòse tout moun respekte yo, san yo pa rale manchèt ni gwo zam. Avèk sa, ba  yo mwayen tou, tankou tout moun t a dwe fè sou tè a,  pou yo pa rete ak pyès moun, mwayen pou yo renmen pwòp tèt yo epi pou yo pi byen konprann monn y ap viv ladan l lan.

Franns Goudè |Frantz Gourdet|
Prezidan LEVE

(Gade anpil lòt rezon k fè nou tradui liv sa a yo nan lang kreyòl la)


Pou ki sa e kouman pou w ede n : n ap eksplike w demach la...  


Vin ede n