Yon nèg apa

Albè Kami ban n istwa yon moun apa ki ta kache anndan n. Pou moun sa a, nenpòt jan lavi w pase, se menm penpenp lan.

Letranje |L'étranger| : liv Albè Kami a nan lang kreyòl ayisyen 



Jodi a, manman mouri. Ouswa yè, m pa konnen. Yo ban m kab lazil la : « Man mouri. Lantèman demen. Respè. » Sa pa vle di anyen. Kapab se te yè.

Sou plaj la, lè n fin met rad sou nou, je Mari te klere ap gade m. Mwen bo l. Nou pa pale menm apre. Mwen kenbe l kole sere epi n prese pran bis rantre lakay. Nou lage kò n sou kabann mwen. M te kite fenèt mwen ouvè e, sa k te dous la, se te chalè lannwit ki t ap koule sou kò n solèy te fin dore.