Your basket is currently empty
Jak Estefenn Aleksi fèt 22 avril 1922 Gonayiv. Y asasinen l a trant nev an, an avril 1961, tounen l tounen Ayiti. Anvan sa, li viv anpil istwa lanmou epi l mennen yon aktivite entelektyèl Pari (Aragon, Breton, premye Kongrè ekriven ak atis nwa...), li vin metsen newològ, li vwayaje tout kote, rankontre Khrushchev, Hô Chi Minh, Mao, li fè zanmi ak Tche Gevara |Che Guevara|, epi l pibliye kat chedèv ki fè l tounen youn nan ekriven yo pi admire e ki pi konsekan nan literati ayisyen kontanporen an, e menm pi lwen...