Da

An n chita sou galeri Da, Tigwav, nan mitan seremoni lavi a, ak je Vye Zo, yon ti gason dizan. Kè nou ap bat ak kè l… Nou jwenn zanmi danfans nou, premye ti menaj la, chen sou talon kikit, kana anba lapli, kolonn pijon tou ble, lanmou, krim, djab wouj, simityè, Da ak sant kafe Palm… 

Nan chak tablo liv sa a, kout penso Dani Laferyè ban nou son, koulè, kadans ak tout savè moun anba solèy lakay.

|L'odeur du café| (Da) :  liv Dani Laferyè nan kreyòl ayisyen


Tigwav… pa pi lwen Pòtoprens… se la m pase epòk lè m te timoun. Si ou pran wout Nasyonal Sid la nòmal (nan kamyon w), ti kras lè w fin pase mòn Tapyon ou konnen k malouk la, kite kamyon an woule jouk bò kazèn jòn dife a, vire agòch, dous, grenpe yon dènye ti pant plat, epi gade si w a kanpe ri Lama, nimewo 88. Pinga sezi wè, sou galri devan kay la, yon dam poze, ki fin granmoun, ap souri bò kote yon ti gason dizan. Granmoun lan, se grann mwen. Se pou w rele l Da. Da, epi anyen. Timoun lan se mwen. Nou nan grann vakans 63.

Ou ta di penti yon pent nayif. Lwen lwen, gwo mòn tèt kale yo ap fimen kachimbo. Pi wo, peyizan ap ranmase bwa sèch pou yo boule. Mwen rive wè fòm yon nèg ap detache nan kwen vye mòn lan, ak fòm pa yon fanm, epi twa timoun. Nèg la ap limen dife, twa pa devan kay li, yon ajoupa grenn pòt, de fenèt. Fanm lan te fèk rantre anndan kay la, kounye a, l ap soti. Li vin kare kò l devan nonm lan. L ap pale avè l, fè pil jès laj ak bra l. Yon lafimen pwès, tou nwa, ap detire monte nan syèl klè tou ble a. Nèg lan ranmase yon ti pake branch bwa pou l voye sou dife a. Flanm yo vin pi djanm. Timoun yo ap kouri fè tout wonn kay la. Fanm lan fè yo rantre, li tounen vin jwenn nonm lan. Dife a separe yo. M ap bay Da tout detay sa yo. Fò m di, mwen rakonte Da tout bagay. Da di, mwen gen je malfini.


Grenn bagay granpapa m te fanatik anpil se te wòz. Li te mande fè wonn kay la ak pyewòz. Li te wouze yo limenm chak maten, chak swa. Mwen t al plen yon ti bokit plastik ble remèt li. Ak bokit sa a, li te ka wouze twa, ouswa kat plan, se tout. Nan kòmansman, nou t al dousman. Mwen te renmen fè travay sa a ak granpapa m, anpil. Li te janti avè m e l t ap mande m touttan si m pa t bouke, si m pa t vle pran yon ti repo. Lè konsa, m te kouri al plen bokit la pi vit toujou. Chak fwa, mwen t al pi vit ankò. Kè m t ap bat fò. 

Lòt bagay granpapa m te fanatik, se te traktè. Lè zafè nou te bon nèt, li te kòmande yon traktè Chikago. Tan pou kòmann lan rive, pri kafe te tonbe nèt tout kote. Granpapa m ak tout Tigwav te fè fayit. Yo te sou po dèyè yo. Se chans ki fè moun Chikago yo kontinye voye katalòg pou li chak mwa.

Nan landemen maten, yo jwenn li rèd nan kabann li.

    — Kisa lanmò ye, Da ?

    — W a wè.



Da (Pral parèt talè)