Zanmi m yo,
7yèm edisyon salon liv ayisyen n lan ap dewoule 5 ak 6 desanm 2020 nan adrès sa a : salondulivrehaitien.com L ap ret ouvri jouk fen desanm.
1. N a p difize tout reyinyon-deba k a p gen nan salon an sou chanèl youtoub nou |YouTube| ak sou paj fesbouk nou |Facebook| samdi 5 ak dimanch 6 desanm soti 11 è rive 1 è apre midi (lè Ayiti).
N a p kontan rankontre nou 5 ak 6 desanm k a p vini an a 11 è sou :
|
|
Reyinyon samdi 5 desanm 11 è a pral konsidere 2 tèm sa a yo :
|
|
Ki wout literati ak pwezi Ayiti pran ?
ak patisipasyon Lwi Filip Dalanbè |Louis Philippe Dalembert|, Emli Pwofèt |Emmelie Prophète|, Gi Rejis Jinyò |Guy Régis Jr| epi Evlin Twouyo |Evelyne Trouillot|.
Memwa ak istwa, pòtre vyolans
ak patisipasyon Magi Byè |Maggy
Biais|,
Lwi Filip Dalanbè |Louis Philippe Dalembert|, Jòjya Maklouf |Georgia
Makhlouf|, Gi Rejis Jinyò
|Guy Régis Jr| epi Lyonèl Twouyo |Lyonel Trouillot|.
|
Reyinyon samdi 6 desanm 11 è a pral poze kesyon sa a : 
|
|
Kouman pou w fè edite nan dezòd (peyi a ye a) ?
ak patisipasyon
- Sofi Batelemi |Sophie Barthélémy| pou Memwa Ankriye |Mémoire d'encrier|
- Franns Goudè |Frantz Gourdet| pou Edisyon LEVE
(liv de lang franse-kreyòl)
- Jemima Labosyè |Jémimah Labossière| pou Edisyon Pòtplim |Editions
Porte-plume|
- Dyelèmesonn Petifrè |Dieulermesson Petit-Frère| pou Lèg Edisyon |Legs
Edition|
- Gabriyèl Oson |Gabriel Osson|, ekriven
- Franns Vòltè |Frantz Voltaire| pou CIDIHCA
|

|
Se Iv Chemla |Yves| k a p modere deba yo
|
2. Tout mwa desanm lan, n ap ofri n nouvo liv ki soti Ayiti menm jan ak yon chwa byen founi liv ki pibliye an Frans nou ka kòmande sou sit patnè nou, libreri Le
Divan.
Edisyon Memwa Ankrie ak CIDIHCA chwazi liv yo pa distribiye anpil an Frans. Nou ka dekouvri liv manm
ak sipòtè Ayiti Fiti yo pi pito ak sa envite ane pase n yo te chwazi...

|
|
3. SINEMA : Aktivite sinema ki fin deperi nan tout epòk kazènman konfinman an pral taye banda tout mwa desanm lan ak pwojeksyon fim sou Entènèt Anòl Antonen |Arnold Antonin| konsakre sis jeyan literati Ayiti.
|

Se kon sa nou konte sou patisipasyon ak sipò efikas nou, pou lanmou liv ak literati n toujou rete pi fò pase viris ak endiferans. M a p kontan anpil wè nou pi devan sou: salondulivrehaitien.com
Jozèt Brifa-Toma |Josette Bruffaerts-Thomas|
Prezidan Haïti Futur
_____________________
 |