Pyè Banbou mouri

Dekana Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) aprann, avèk anpil tristès, lanmò Akademisyen Ernst Mirville.
Doktè Ernst Mirville te yon pwòch FLA e li te anseye nan Inivèsite Leta Ayiti (nan Fakilte Etnoloji). Li te yon militan pou defans ak pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Non militans li te Pyè Banbou. Ane pase, Sosyete Koukouy li manm fondatè inogire Pri ekselans Pyè Banbou ki rekonpanse 2 loreya nan konkou antre nan FLA a (youn pou chak vakasyon : maten ak apre-midi) ak 2 etidyan ki loreya nan dènye ane yo nan FLA.
Nan yon kolòk Laboratwa Lang, Sosyete, Edikasyon (LangSE) te òganize an me 2019 sou direksyon Ethson Otilien, nou te onore Doktè a pou kontribisyon li nan defans ak pwomosyon lang Kreyòl la.
Fakilte a koube byen ba pou salye depa gran Mapou sa a e li prezante senpati li bay fanmi, zanmi ak kòlèg Doktè Mirville, an patikilye, kòlèg li nan Akademi Kreyòl ayisyen e nan Sosyete Koukouy.
Zèv Doktè Mirville yo ap kontinye viv pou sèvi kòz defans ak pwomosyon lang 100% ayisyen an.

Pòtoprens, 10 jen 2021

 Renauld GOVAIN

Dwayen

     Fakilte Lengwistik Aplike

    Inivèsite Leta Ayiti