Pote kole pou Ayiti

Vandredi 18 fevriye 2022 *

Noumenm ekriven ak atis ayisyen, nou voye yon kout lanbi ba sitwayen konsekan ki Ayiti tankou lòt bò dlo, pou nou mande yo melanje vwa yo ak vwa nou, pou nou pouse ansanm yon rèl soti nan zantray nou ki di ase ! Ase grangou, ase san, ase lanmò, ase kadejak, ase kidnaping, ase dlo nan je, ase fè nwa pou pitit tè a !

Move politik ak move gouvènans soti depi diktati Divalye a, rive jodi a, vyole espwa nou, dechire rèv pèp la myèt moso. Koripsyon se sèl kòk chante nan baskou dirijan k mennen nou lan bouch twou a.

Li klè pou tout moun:: relasyon Ayiti ak swadizan zanmi l yo deteryore depi kèk ane. Nou mande nan ki lòt peyi, jodi a, leta etranje mete diplomasi sou kote pou yo bay lòd sou rezo sosyal ? Ki lòt konplo k ap fèt kont pèp ayisyen an la a ?

Se sou Twitè pèp la aprann:: reprezantan ONI apiye inisyativ makònen gang yo pou ranfòse tout malvèsasyon k ap fèt nan peyi a. Se ekspè O.E.A ak Etazini ki pran pawòl sou Fesbouk e latriye pou entèprete konstitisyon pèp Ayiti a nan jan pa yo, pou yo vin eksplike n ki lè manda Jovnèl Moyiz t a p fini. Se sou Twitè reprezantan ONI remete yon minis demisyonè nan pòs li, pou l revoke l apre yon semèn e nonmen yon lòt.

Nou pa bezwen bay tout egzanp imilyasyon y ap fè nou sibi depi kèk tan devan tout moun. Jodi a, pwoblèm lan t a sanble se yon zafè lejitimite. Lan non ki moun Aryèl Anri lejitim ? Lan non moun ki te mete l yo ? Moun sa a yo pa pèp la antouka.

Se devan avani sa a yon bon pati nan sosyete sivil la deside pran responsabilite l. Sa l ap chèche se pa yon lejitimite konstitisyonèl – yon bagay ki enposib jodi a – ni se pa lejitimite rezo sosyal Madan Lalim, O.E.A ak anbasadè ameriken e latriye ap distribye pasipala nan peyi a. Nou fin konprann swadizan zanmi n yo pran plezi pou yo kenbe n nan kawo yo mete nou an. Nan mitan kawo, se yon bagay tou nèf ki pou parèt pou kreye yon nouvo lòd.


Lè a rive pou Ayiti òganize tèt li, pou l deside sa k lejitim. Se pou rezon sa a yo nou apiye moun ki fòme akò Montana 30 out 2021 an, e k ap mobilize tout sektè anndan peyi a tankou nan dyaspora a san pran souf depi kèk mwa, pou yo reflechi, diskite, e pou yo wè ansanm ki jan e pa ki mwayen yo ka ede peyi a soti nan kriz politik malouk li ye a. Demach sa a antre nan sans nou paske nou vle tande yon lòt pawòl, nou vle sistèm lan chanje sou baz prensip otodetèminasyon tout pèp gen dwa reklame. Nou vle deside noumenm sa nou vle, sa ki bon pou peyi nou. Nou vle moun pwòp, sa yo rele patriyòt yo, mete tèt ansanm pou kenbe dènye ti souf peyi a, pou ba l fòs ak lanmou pou l ka leve kanpe ankò. Nou vle yon vre konferans nasyonal. Nou vle eleksyon san seleksyon, san laperèz. Nou vle pwosè Petrokaribe a fèt. Nou vle pou demen pitit nou ka viv lib nan peyi a. Nou di Montana ankouraje, kontinye rasanble, lonje men ba moun ki onèt, ki pwòp, ki renmen peyi yo. Nou di Montana kenbe prensip yo wo e san kilbite.

Men nou mande pou sa fèt nan yon tèt ansanm total, san mete pèsonn sou kote. Pa gen yon gwoup ni yon sektè nan sosyete a ki, pou kò yo, gen solisyon pwoblèm nou yo. Se fòs tèt ansanm lan ki pou kontinye avanse, ki pou grandi jis nou leve yon sounami enèji pozitif. Sitwayen konsekan, nou chak ka pote patisipasyon n. Travay la pa piti, wout la long anpil. Men nou se yon pèp ki te rive make Istwa Moun nan yon moman ki te pi difisil. An nou pa janm bliye sa. An nou pote kole pou n sove peyi nou !

Pòtoprens, 17 fevriye 2022

Siyatè :

Avin, Kettly Mars, Syto Cavé, Pierre Brisson, Lyonel Trouillot, Emmelyn Cantave, Jean Casimir, Laënnec Hurbon, Pierre Buteau, Cherlie Rivage, Edouard Legagneur, Eddy Guerrier, Max Kénol, Nono Morel, Robert Paret, Myrtho Casséus, Marcel Duret, Mélissa Béralus, Guy Cavé, Pierre Emmanuel, Carl Lafontant, Rachel Magloire, Mitzy-Lin Hyacinthe, Medhi Chalmers, Guy Régis Jr., Eddy Guilloteau, Wooley Saint-Louis Jean, Tessa Mars, Elsie Suréna, Pascale Romain, Joseph J. Ferdinand, Evelyne Trouillot, Guy Tufau, Marc Sony Ricot, Paul Jean-Baptiste, Anthony Phelps, Ervenshy Hugo Jean-Louis, Frantz Voltaire, Andrise Pierre, Robert Berrouet Oriol, Eddy Prophète, Adlyne Bonhomme, Adelson Elias, James Noël, Eddy Cavé, Henri-Gérard Brière, Marie-José Innocent

* Tèks orijinal la revize dapre nòm-estanda òtograf ak revizyon PFTT Edisyon LEVE