Kou pwomosyon PFTT 2019 la

drap_franpng
Pou etidyan pwomosyon PFTT 2019 yo ak tout lòt etidyan ki gen kredi pou yo konplete, nou gen plezi anonse kou yo ap kòmanse lendi 10 fevriye a 4è PM nan FLA a, sal Pyè Vènè |Pierre Vernet|.

Men pwogram mwa fevriye a :

1. Kontras kreyòl-franse : òtograf ak gramè (Lendi ak jedi 4è -7è) - Pwofesè : Glod |Glaude|
2. Metòd ak prensip jeneral tradiksyon (Madi ak vandredi 4è -7è) - Pwofesè : Lakaryè |Lacarière|
3. Tradiksyon nan espas plirileng : Ka pa Ayiti a  (Mèkredi 4è -7è) - Pwofesè : Nelsonn |Nelson|

N a pibliye kalandriye lòt kou yo fen fevriye...

Travay byen...