Kondanasyon asasina Gregori Sentilè
Kondanasyon Zak Sasinay sou Grégory Saint-Hilaire

Nouvèl sasinay Gregori Sentilè |Grégory Saint-Hilaire| vandredi
apre-midi 2 oktòb 2020 an, andedan Lekòl Nòmal Sipéryè,
choke Kominote Fakilte Lengwistik Aplike
(dekana a, pwofesè yo, etidyan yo, manm pèsonèl
administratif la) jouk nan zantray li. Se tout inivèsite a ki pran kou ! Yon lòt kou ankò !
Apre sasinay pwofesè Monferye Dòval |Monferrier Dorval|, ki antrene lanmò Vis-dwayen nan Fakilte Dwa ak Syans ekonomik – pwofesè Chal Dimon Pwendijou |Charles Dumond Point-Du-Jour|, sasinay etidyan finisan nan agwonomi Samil Mikal |Samul Mical|, Karavàn Lanmò a pase pran Gregori Sentilè |Grégory Saint-Hilaire|. "UEH" pral kontinye kwaze ponyèt li ap gade manm li yo ap disparèt youn apre lòt kon sa ? Li ap kontinye fè silans kite lènmi lakonnesans touye manm li yo grenn pa grenn ? Li ap kontinye prefere disparèt pase li parèt tout kò li ?
Kominote Fakilte Lengwistik Aplike a kondane zak kriminèl sa a ak tout fòs li epi mande responsab Lajistis yo aji prese-prese pou idantifye kriminèl yo, jije yo, ba yo pèn yo merite. Li mande Konsèy egzekitif Inivèsite Leta Ayiti a mennen tout demach bò kote sistèm jistis peyi a pou fanmi Grégory Saint-Hilaire jwenn jistis.
Nou pa ka kontinye ap ranmase kadav pitit inivèsite a sistèm nan ap keyi tankou zwazo sovaj ! Inivèsite Leta a dwe aji ! Li dwe mobilize pou di non ! Silans pa meyè solisyon !
FLA, 5 oktòb 2020. Pou dekana FLA a :
Reno Goven |Renauld GOVAIN|
Dwayen