Ki rapò devolpman yon peyi ak lang li itilize pou l fonksyonnen ?

By Leya Kileveya
11 janvier 2019

Pwofesè Goudè |Frantz Gourdet| ak doyen Reno Goven |Renauld Govain| avèk tout ekip pedagojik ak tout etidyan pwogram fòmasyon teknik tradiksyon PFTT a, akeyi Michèl Degraf |Michel DeGraff| ak anpil plezi semenn sa a nan  Fakilte Aplikasyon Lengistik la |Faculté de Linguistique Appliquée (FLA)|.

Pwofesè Degraf se lengwis nan  MIT (Enstiti teknoloji Masachousèt), youn nan inivèsite ki pi nobelize sou tè a. 

Fdjy-3-2JPG
L ap twavay avèk nou sou yon pwoblematik enpotan pou nou : rapò devolpman yon peyi ak lang li itilize pou l fonksyonnen. Nou swete l pase yon bon moman Ayiti, lakay li, epi kontinye bèl kolaborasyon sa a avèk nou chak ane pou l ranfose pwogram anrichisman biblyotèk kreyòl nou monte a pou mennen Ayisyen pi lwen, pi wo sou zèl  lang nou an.