Kado timoun Ayiti pou Papa Nwèl*

Bonjou Papa Nwèl !

Mwen rele Ti Jo. Mwen gen diz an. M ap viv nan yon peyi ki rele Ayiti. Ou pa konnen li. Se yon ti pousyè nan mitan lanmè Karayib la. Se pa pou gwo ase ou pa konnen li, ou ale nan peyi ki pi piti pase l. Ou ale Kiraso, ou ale Baramas, ou ale Matinik, ou ale Gwadloup…

Ou pa konnen li poutèt pa gen wout, pa gen limyè, pa gen dlo, pa gen pye bwa, pa gen zwazo, pa gen vil tout bon, pa gen transpò, pa gen sinema, pa gen pak pou timoun jwe, pa gen leta, pa gen lapè, pa gen lòd, pa gen disiplin, pa gen lajistis, pa gen lalwa, pa gen travay, pa gen kè kontan, pa gen lespwa, pa gen lavi…

Papa Nwèl, mwen ekri w jodi a pou m mande w yon gwo, gwo favè : 24 DESANM A MINWI, PASE WÈ AYITI, TANPRI SOUPLE ! Mete Kowòdone li sou GPS ou, Papa Nwèl : 19°00'N, 72°25'W.

Pa enkyete w ! Nou gen anpil bezwen, ou ka pè pase paske ou pa gen ase kado pou ou satisfè tout bezwen nou yo. Men pa okipe w, Papa Nwèl : nou pa bezwen anyen nan men w ! Okontrè, noumenm timoun Ayiti, se nou ki gen yon kado pou ou.

Gen yon kolonn granmoun deregle, mechan, egoyis, awogan, anbisye, aloufa, san manman, san nannan, san kè, san sèvèl, san konsyans ki toufounen peyi a depi plizyè fwa diz an, depi de fwa sant an. Yo manipile, yo kowonp, yo piye, yo rache, yo koupe, yo depafini peyi a, yo vòlò espwa nou, you tiye anfans nou. Nan lot peyi nòmal yo rele yo kriminèl, asasen, mafya, yo mete yo nan prizon. Ayiti, yo rele yo OLIGAK oubyen POLITISYEN, yo fè dap-piyanp sou tout resous peyi a, yo sezi tout pouvwa politik ak pouvwa lajan pou yo fè, ak defè.

Papa Nwèl, lè w vini Ayiti, mete yo nan gwo dyakout ou a, ale avèk yo. Pran yo tout : sa k adwat kòm sa k agòch, sa k nan pouvwa kòm sa k nan opozisyon, sa k sou beton kòm sa k online, nan radio, jounal ak televizyon. PRAN YO TOUT NÈT, ALE LAKAY OU AVÈK YO, NAN PÒL NÒ.

Pa bliye patwon, patizan, fanatik, sipòtè, konfyolo yo, tout moun k ap manipile yo, tout moun yo manipile, tout moun ki kowonpi yo, tout moun yo kowonpi, tout moun yo pè, tout moun yo fè pè, moun yo entatad, moun yo mistifye, moun yo lave sèvo, ak moun ki avèk yo pou benefis pèsonèl yo. ALE AVÈK YO TOUT !

Fè yo al travay nan faktori ou a ! Fè y al fè jwèt pou tout timoun Ayiti y ap vòlò Nwèl yo, gaspiye nanm timoun yo, defilfare inosans yo depi de sanz an !

Kon sa, an 2023, papa m ka mete tèt li ak vwazen an, moun Petyonvil ka mete tèt ak moun Site Solèy, gran moun ka mete tèt yo ak jèn moun, ti wouj ka mete tèt yo ak ti nwa, dyaspora ka mete tèt yo ak lokal pou yo kite, pou mwen ak tout lòt timoun parèy mwen, yon Ayiti ki gen lavi, lespwa, kè kontan, travay, lalwa, lajistis, disiplin, lòd, lapè, leta, pak pou timoun jwe, sinema, transpò, vil modèn, zwazo, pye bwa limyè, wout… Jenerasyon pa m lan va kenbe yo, amelyore yo pou nou pase bay pitit pa nou.

M espere w a tande ti vwa mwen, Papa Nwèl. Mwenmenm ak tout lòt timoun Ayiti ap tann ou tankou tè sèk k ap tann lapli.

Mèsi davans,

Ti JO

PS. Papa Nwèl, tanpri, efase mak pye rèn yo ki trennen charyo ou a : Tònad, Dansè, Firi, Frengan, Komèt, Kipidon, Loraj, Zeklè, epi, sa mwen pi renmen an, Woudòf, ak nen wouj li a. Pa kite mak charyo a nan nèj la nonplis. Kon sa, demeplè yo pa p janm jwenn wout pou yo tounen nan bèl ti peyi solèy nou an, epi gate l ankò.

 

Greg Durandisse, 24 desanm 2022, 23è 28

Otè a mouri yon bat-je apre l fin ekri lèt sa a voye ban mwen. Se te yon Zanmi, yon Kanmarad, yon potorik bon moun. Mwen t a renmen yon jou tout pwomosyon timoun diz an lekòl Ayiti li dènye ti mo sa a yo, pou, yon jou, yo sonje pran kouraj leve kanpe ak tout manman ak papa yo ranmase kado sa a livre l tou vlope bay Bondye (oswa Papa Nwèl). Apre premye ane espedisyon sa a a rive fèt, mwen t a renmen lòt pwomosyon apre pwomosyon konplete kado a chak ane (pa bliye move je lòt bò dlo k ap toufe peyi n lan) epi pou kontinye li lèt sa a pou yo toujou sonje pawòl ki moun ki mennen delivrans...

Frantz Gourdet

* Nou revize atik depa a dapre nòm PFTT-FLA yo - L'article originel a fait l'objet d'une révision conforme aux normes rédactionnelles adoptées par le Programme de Formation en Techniques de Traduction (PFTT) LEVE-FLA