Zetwal anba wòb

Zetwal anba wòb

€ 8.00

En rupture de stock

 Jan Pyè Jak Adlè |Jean Pierre Jacques Adler|

Zetwal anba wòb

Pwezi

 

 

Jean Pierre Jacques Adler plonje nan lang lan, li monte ak men li plen zetwal, plen mizik fon lanmè, plen imaj kote anpil kontrè, anpil kontras brase pou efase yon seri limit.

Foli a fofile lale nan van

Foli a tounen limon nan souf mwen

Li pa rete arebò pou l peche ti mo yenyen, li lage liy jis nan fon lanmè, se la li ale jofre anba wòb pou l pale lanmou, pou l montre se kò fanm ki louvri rèv, ki desinen lavi a. Yon lavi ki ta yon mèvèy si nou te vle, tankou Paul Eluard te di. Men zòt pran l li filange l, li depatcha l.

Bonel Auguste.


12,5 x 19 cm • 56 paj
ISBN 978-99970-0010-1
Soti avril 2013