Otè yo

Ekriven nan biblyotèk la...

Mari-Seli Ayan |Marie-Célie Agnant|

Jak Estefenn Aleksi |Jacques-Stephen Alexis|

Jak Estefenn Aleksi fèt 22 avril 1922  Gonayiv. Y asasinen l a trant nev an, an avril 1961, tounen l tounen Ayiti. Anvan sa, li viv anpil istwa lanmou epi l mennen yon aktivite entelektyèl Pari (Aragon, Breton, premye Kongrè ekriven ak atis nwa...), li vin metsen newològ, li vwayaje tout kote,  rankontre Khrushchev, Hô Chi Minh, Mao, li fè zanmi ak Tche Gevara |Che Guevara|, epi l pibliye kat chedèv ki fè l tounen youn nan ekriven yo pi admire e ki pi konsekan nan literati ayisyen kontanporen an, e menm pi lwen...

Dominik Batravil |Dominique Batraville|

Ekriven, powèt, aktè ki fèt Pòtoprens an 1962

Albè Kami |Albert Camus|

Jòj Kastra |Georges Castera|

Lwi Filip Dalanbè |Louis Philippe Dalambert|

Rene Depès |René Depestre|

Rene Depès ki fèt Jakmèl an 1926 gen pri Gonkou |Goncourt| pou lodyans Alléluia pour une femme-jardin (1982), pri Renodo |Renaudot| pou Adriyana nan tout rèv mwen |Hadriana dans tous mes rêves| (1988)

Jan-Klod Fiyole |Jean-Claude Fignolé|

Jan-Klod Fiyole fèt Jeremi 24 Me 1941. Apre l te fin etidye dwa, agwonomi ak ekonomi, li tounen kritik nan Sant a/atizay Pòtoprens |Centre d'art de Port-au-Prince|, jounalis nan ane 1970 yo, kritik literè ak pwofesè.
Soti 1990 rive 2000, nou jwenn li obsèvatè ak kòmantatè nan Nouvelis |Le Nouvelliste|, kote l te ekri kolòn "Kase silans la". 
Se yon potomitan literati ayisyen an. Se li ansanm ak Rene Filotèk |René Philoctète| ki fonde mouvman literè "Espiralis" la ak Franketyèn |Frankétienne|, .
Eseyis ak ekriven lodyans, li ekri woman tou. De premye l yo pibliye nan Edisyon Sèy |Seuil| : Les Possédés de la plein lune (1987) ak Aube tranquille (1990). Sizyèm roman l, Yon èdtan pou letènite |Une heure pour l’éternité|, parèt kay Sabin Wèspizè an 2008 |Sabine Wespieser|.

(Dapre yon tèks Sabin  Wèspizè)

Loran Gode |Laurent Gaudé|

Dani Laferyè |Dany Laferrière|

Dani Laferyè fèt Pòtoprens an 1953. Li manm Akademi franse a.

Yanik Layens |Yanick Lahens|

Nadin Maglwa |Nadine Magloire|