Yon istwa òtograf kreyòl ayisyen*

Ig Senfò |Hugues Saint-Fort|

Nouyòk, me 2021                                                   

Rezime

Atik sa a bay yon apèsi istwa òtograf lang kreyòl ayisyen (n a toujou di kreyòl pi ba). Mwen divize l an 3 pati. Premye pati a fè yon rale tou piti sou ki jan yo te konn ekri kreyòl sou tan koloni, epi l gade ki jan yo te ekri kreyòl soti nan ane 1940 yo pou rive nan kòmansman ane 1950. Dezyèm pati a konsidere devlòpman òtograf kreyòl la pandan ane 1950 yo jouk ane 1980. Twazyèm pati a etidye evolisyon òtograf kreyòl depi ane 1980 jouk epòk kounye a. Istwa sa a montre evolisyon yon òtograf ki, malgre eritaj ekriti lang franse nan sosyete ayisyen an, ansanm ak yon kontèks sosyal difisil, reyisi tounen yon veritab sistèm grafik regilye, otonòm, lojik, epi fasil pou tout moun aprann san pwoblèm.

Mo kle :

Òtograf fonemik/fonolojik, òtograf Mak Kònèl ak Lobak, òtograf Preswa, òtograf ofisyèl, lang kreyòl ayisyen.

Entwodiksyon

Dapre majorite lengwis yo, t a genyen plis pase 6000 lang sou tè a. Yon lang se yon sistèm siy ki òganize dapre règ moun nan yon sosyete oblije konnen pou yo kominike youn ak lòt. Lè yon moun konn pale yon lang, li enteryorize règ sa a yo nan sèvo li. Men, si tout sosyete posede yon lang, se pa tout sosyete ki ekri lang yo pale a. Menm lè yo ekri lang yo pale a, gen pwoblèm nan fason moun save nan sosyete sa a yo bati òtograf lang yo. Nòmalman, pou pi regilye, nan lang ki posede yon alfabè ki transkri son yo sèvi yo, t a dwe gen yon sèl korespondans ant yon son (fonèm) ak jan son sa a ekri (grafèm).  Men, se pa sa nou jwenn nan plizyè lang tankou angle ak franse kote yon son pa koresponn ak yon sèl lèt, epi yon lèt pa makònen ak yon sèl son.  

Ki jan kesyon sa a yo parèt nan lang kreyòl la ? Ki istwa òtograf lang kreyòl la ? 

I . Kòmansman yon òtograf kreyòl sistematik

1.1. Ekri kreyòl sou tan koloni

Pandan epòk Ayiti te rele Sendomeng |Saint-Domingue| (lè sa a, se yon koloni franse l te ye), yo te gentan konn ekri lang kreyòl nan pati zile nou an. Te genyen anpil pyès teyat yo te konn jwe nan vil Okap, e gen ladan yo ki te ekri an kreyòl (Hazaël-Massieux 2008). Dapre istoryen yo, premye tèks kreyòl ki te ekri, se yon powèm-chante ki rele « Lisette quitté la plaine » (Moreau de Saint-Méry : Description de l’isle de Saint-Domingue 1796). Dapre Mowo Senmeri |Moreau de Saint-Méry|, se Divivye Mawotyè |Duvivier de la Mahautière|, yon kolon ki t ap viv Sendomeng, ki te konseye nan Konsèy Pòtoprens ( « conseiller au Conseil du Port-au-Prince »  jan l di l la) ki te ekri l vè 1757. Men premye estwòf powèm-chante sa a nan òtograf li te parèt nan liv Mowo Senmeri a :

Lisette quitté la plaine,

Mon perdi bonher à moué

Gié à moin semblé fontaine

Dipi mon pas miré toué.

La jour quand mon coupé canne,

Mon songé zamour à moué ;

La nuit quand mon dans cabane

Dans dromi mon quimbé toué

Te genyen tèks ofisyèl an kreyòl epi an franse tou ki te pibliye Sendomeng e ki te anonse abolisyon esklavaj. Istoryen yo rele tèks sa yo Pwoklamasyon Revolisyon (« Proclamations révolutionnaires »). Se nan lane 1794 komisè franse Sontonaks |Sonthonax| ak Pòlverèl |Polverel| te pibliye abolisyon esklavaj. Men youn nan pwoklamasyon sa a yo ki te pibliye an 1793 (Mwen repwodui li nan òtograf li te ekri a) :

Proclamation, le Cap : 11 juillet 1793.

Nous, Etienne Polverel & Léger-Félicité Sonthonax, Commissaires Civils que nation française voyé dans pays-ci, pour mettre l’ordre et la tranquilité tout par-tout.

Faut que toute monde aimé famille a li pour que toute monde capabe vive ben ensembe. Monde qui libe à qui pas gagné ni femme ni petite, li pas capab bon sujet ; li va toujou tourné sauvage ou ben brigand ; cila qui mérité la liberté vrai, & qui connait tout ça li vaut, li pas lé jamais souffri que femme à li aque petites à li resté dans z’esclaves. (Hazaël-Massieux 2008 : 200)

Men yon lòt « proclamation ». Sa a se Napoleyon Bonapat ki te voye l bay moun Sendomeng, lè li t a pral fè retabli esklavaj, ak tout gwo manti li bay nan « proclamation » an.

Proclamation de St. Domingue, 17 Brumaire an 10 [le 7 novembre 1802].

Proclamation là, li tiré dans registe Consuls la Répiblique

Paris, 17 Brimer, an 10 Répiblique francé, yon et indivisible

                                      PROCLAMATION.

Consuls la Répiblique Francé a tout zabitans Saint-Domingue.

                Zabitans, et vous tous qui dans Saint-Domingue.

Qui ça vous tout yé, qui couleur vous yé, qui côté papa zote vini, nous pa gardé ça : nous savé seleman que zote tout libre, que zote tout égal, douvant bon Dieu et dans zyé la Répiblique. …

Capitaine général Leclerc, que nous voyé pour commandé Saint-Domingue, li mené avec li tout plen navire, tout plen soldat, tout plen canon : men pas crere ci la yo qui va di zote, que blanc velé fere vous esclave encore : ya manti plitôt que crere yo, repond, et songé bien que cé la Répiblique qui baye liberté, et qui va bien empêché personne de pren li encore : soldat là, navire là, tout, cé pour gardé liberté là, et gardé pays qui pour la répiblique. …

                                                      Signé : BONAPARTE.

                                                       Par Primié Consul

                                                        Sécrétere d’Etat,

                                              Signé : HUGUES-B. MARET

                                                Cé yon vrai copi di zote,

                                                      Capitaine général,

                                                            LECLERC

Men, se plis kolon yo ki te ekri kreyòl. Lè Sendomeng vin rele Ayiti apati lane 1804 gras a Desalin, pa t gen anpil efò ki fèt pou ekri lang kreyòl. Pi fò Ayisyen ki te konn ekri nan epòk sa a te pito ekri an franse. Pandan tout 19èm syèk la, nou ka konte sou dwèt yon grenn men kantite ekriven ayisyen ki te ekri an kreyòl. Pami yo, te genyen powèt Osval Diran |Oswald Durand| ki te ekri michan powèm Choukoun |Choucoune|. Choucoune se sèl powèm kreyòl ou jwenn nan rekèy ki rele « Rires et pleurs » (1896) Osval Diran te ekri an franse.

1.2. Ekri kreyòl nan 20èm syèk lan

Istwa ekriti lang kreyòl ayisyen kòmanse vreman nan 20èm syèk la. Premye òtograf sistematik save ayisyen te envante te parèt nan lane 1924. Se yon enjenyè ayisyen ki rele Frederik Dorè |Frédéric Doret| ki te vin avè l (Schieffelin ak Doucet 1998). Dorè t ap chèche devlope yon metòd pou aprann lokitè monoleng Ayiti ki jan pou yo li ak ekri. An 1939, kèk ane apre Dorè, te gen yon lòt save ayisyen ki rele Krisyan Bolye |Christian Beaulieu| ki te vini avèk yon sistèm grafik pou kreyòl ayisyen. Sa pa t debouche sou anyen ki konsistan, malgre michan travay militan kominis Krisyan Bolye te deplwaye ansanm ak yon lòt gwo militan ayisyen ki rele Jak Roumen |Jacques Roumain|, premye fondatè Pati Kominis ayisyen avèk yon gwoup jenn Ayisyen pandan gran vakans 1934 la (Smith 2009 : 19). Krisyan Bolye mouri an 1943.

Se kon sa save ayisyen yo te gen pwoblèm pou tabli yon òtograf sistematik pou kreyòl la. Anvan m ale pi lwen, li t a enpòtan pou m fè yon rale sou sa m rele « òtograf sistematik » la. Genyen yon òtograf sistematik lè gen prensip klè ki òganize relasyon ant son (fonèm) ak lèt (grafèm). Nan lang tankou franse ak angle, men pa panyòl ak italyen, relasyon ant son yo ak lèt yo fèb anpil, li pa regilye menm. Se youn nan rezon ki fè òtograf lang franse ak lang angle se gwo tèt chaje menm pou moun ki pale lang sa a yo kòm lang matènèl. Ekriven ayisyen ki te eseye ekri an kreyòl pandan 19èm syèk la te eseye suiv fason kolon franse yo te konn ekri lang kreyòl. Si nou reli powèm « Choucoune » pa egzanp, n a konstate anpil dezòd nan fason Osval Diran ekri kreyòl. Powèt ayisyen an te ekri kreyòl dapre fason Franse yo te ekri lang franse. Pa egzanp, an franse, lèt « c » sèvi pou reprezante son [k] nan mo tankou « car », « code », « cloche », « bouc » ; men menm lèt « c » sa a sèvi tou pou reprezante son [s] nan mo tankou « cerise », « cire », « cygne » ; epi, menm lèt « c » sa a sèvi pou reprezante son [g] nan mo tankou « second », « secondaire ». Menm gen egzanp kote lèt « c » sa a pa pwononse ditou, tankou nan mo « tabac », « blanc »,  « aspect », « croc »…  

Nan ane 1940 yo, baz  pou yon òtograf kreyòl sistematik te kòmanse poze. Men, se pa t yon Ayisyen ki te poze yo. Se te yon pastè metodis pwotestan ilandè ki rele Òmonn Mak Kònèl |Ormonde McConnell| ki te envante premye sistèm grafik pou lang kreyòl ayisyen an (Dejean 1980). Se premye fwa sa te fèt Ayiti.

1.3. Premye sistèm grafik pou lang kreyòl ayisyen

An 1940, Òmonn Mak Kònèl pwopoze premye veritab sistèm grafik pou kreyòl ayisyen an. Se te yon òtograf fonemik/fonolojik kote chak lèt te toujou reprezante menm son an, epi chak son te toujou reprezante menm lèt la. Se te yon michan pwogrè nan efò ki t ap fèt pou bay kreyòl ayisyen yon òtograf ki fè sans. Mak Kònèl te travay avèk lengwis ameriken Wobè Òl |Robert Hall| ki te ekri youn nan premye etid lengwistik ann angle sou lang kreyòl ayisyen (Hall 1953). Se Ayiti Mak Kònèl te rankontre ak Frank Lobak |Laubach|,  yon Ameriken ki te espesyalis kesyon alfabetizasyon. Kòm pastè pwotestan, Mak Kònèl te bezwen « pote pawòl Labib » ba peyizan ayisyen yo. Men, pifò peyizan yo pa t konn li ni ekri. Mak Kònèl vin deside aprann yo li ak ekri nan lang kreyòl pou kòmanse, apre yo t a aprann li ak ekri nan lang franse ki te sèl lang ofisyèl Ayiti lè sa a. Kòm etranje, Mak Kònèl te reyalize kreyòl ayisyen an te yon lang otonòm ki te gen pwòp estrikti pa li, e l pa t depann de lang franse. Mak Kònèl te baze sistèm òtograf li an sou alfabè fonetik entènasyonal. Alfabè fonetik entènasyonal se yon gwoup senbòl kote chak siy reprezante yon sèl son, e toujou menm son an. Se kon sa Mak Kònèl vin bati yon òtograf fonolojik pou kreyòl ayisyen, baze sou AFEn (API/IPA). Mak Kònèl te fè adaptasyon poutèt li te prevwa elèv ayisyen yo t a gen pou yo aprann lang ofisyèl peyi a tou ki te sèl lang franse epòk sa a.

Entèlektyèl ayisyen yo revòlte lè sa a kont Mak Kònèl. Yo deklare misye te vle fè Ayiti tounen yon peyi anglofòn poutèt yo te asosye òtograf misye a ak yon òtograf ki baze sou lang angle, men se pa t vre menm. Entèlektyèl ayisyen ki te plis atake òtograf Mak Kònèl la, se te Chal-Fènan Preswa |Charles-Fernand Pressoir|. Misye te kritike itilizasyon Mak Kònèl te fè avèk sa l rele « gwo kreyòl » la. Sa vle di « i » olye de « u », « è » olye de « eur », « in » olye de « un ». Preswa te menm rive di, òtograf Mak Kònèl la t a bon pou kèk pèp sovaj Ostrali, osnon kèk peyi pèdi, men pa pou peyi tankou Ayiti ki, dapre Preswa, gen tradisyon franse.

Preswa vin pwopoze pwòp òtograf pa li kote malgre kèk ti chanjman li te fè, pa t genyen gwo diferans ak òtograf Mak Kònèl la. Men, majorite moun nan gouvènman epòk la te aksepte òtograf Preswa te pwopoze a, nan lane 1951, malgre se yon òtograf ki te elimine 4 lèt nan alfabè franse a : « c », « h », « q », « x » menm jan Mak Kònèl te pwopoze a.

Òtograf Preswa a te sèvi kòm òtograf kreyòl nòmal pandan omwen 25 lane. Anpil ekriven ayisyen te itilize l pou ekri liv fiksyon (powèm, pyès teyat, woman). Pa egzanp, se ak òtograf Preswa,  powèt Feliks Moriso-Lewa |Félix Morisseau-Leroy| te sèvi pou ekri premye rekèy pwezi l ki rele Dyakout |Diacoute| nan lane 1953. Michan ekriven Frank Etienne (Franketyèn) te itilize li pou ekri kokennchenn woman « Dezafi » an 1975. Menm Leta ayisyen te itilize òtograf Pressoir nan travay alfabetizasyon li t ap reyalize pandan ane 1960 yo. Se kon sa pandan près 25 lane, anpil moun Ayiti te sèvi alèz ak òtograf Preswa a ki te ranplase òtograf Mak Kònèl-Lobak la.

II. Devlòpman òtograf kreyòl ak refòm sistèm edikasyon ayisyen

Ant lane 1951 ak lane 1975, òtograf Preswa a te sèl kòk chante nan tout kesyon ekri kreyòl Ayiti. Vè lane 1975, te kòmanse gen anpil mouvman ki t ap fèt nan milye edikasyon Ayiti. Sistèm edikasyon an te rive nan yon pwen li te mande gwo chanjman. Pandan lontan, se te yon sistèm ki te bati pou yon minorite, yon elit. Men, depi mitan/fen ane 1960 yo, te vin genyen twòp elèv, yo te soti  nan tout klas sosyal, men sitou nan klas sosyal defavorize yo, pa t gen ase lekòl nan peyi a, twòp elèv t ap redouble klas, twòp moun te analfabèt nan sosyete a (Giraud, Gani, Manesse 1992). Leta ayisyen te mete ak gouvènman franse pou tabli yon enstitisyon ki te rele « Institut Pédagogique National » (IPN) ki t ap fòme pwofesè ayisyen ; gouvènman franse avèk Depatman Edikasyon nasyonal te kolabore pou mete kanpe yon gwoup rechèch ki rele GREKA (Gwoup Rechèch pou etidye Kreyòl Ayisyen) ; vin genyen yon nouvo minis edikasyon Jozèf Bèna |Joseph Bernard| ki te refòme sistèm edikasyon Ayiti a. GREKA fè yon pase men sou òtograf Preswa a epi l pwopoze yon nouvo vèsyon l rele « Òtograf IPN ». Òtograf IPN lan te konsève nannan òtograf Preswa a, men GREKA te fè sis chanjman ladan ki te ase enpòtan :

  • « é » ak aksantegi disparèt. Yo ranplase li avèk « e » san aksan.
  • « in » disparèt. Yo ranplase li avèk « en ».
  • « ou » disparèt devan yon vwayèl. Yo ranplase li avèk « w ».
  • « i » disparèt devan yon vwayèl. Yo ranplase li avèk “y”.
  • Yo itilize « in » sèlman pou « i-n ». pa egzanp, pou ekri mo tankou « izin » oswa « machin » , oswa « lalin ».
  • Yo mete yon aksan sou tèt vwayèl « a » (à) devan yon « n » nan mo tankou « pàn » , « lamàn ».

Sis chanjman sa a yo rete nan òtograf kreyòl la jouk kounye a. Nan dat 22 ak 31 janvye 1980, minis Edikasyon Nasyonal, Jozèf Bèna, pibliye 2 kominike, youn an kreyòl, epi youn an franse sou kesyon òtograf lang kreyòl la. Kominike yo montre ki jan pou moun ekri kreyòl ki te tounen lang enstriksyon nan klas, epi lang pou moun etidye tou nan klas. Se te yon kokenn pwogrè ki te reyalize non sèlman nan sistèm edikasyon ayisyen, men tou nan avansman lang kreyòl la. Depi lè sa, moun gen zouti pou yo sispann ekri yon kreyòl fantezis, dezòdone, ilojik ki te karakterize fason pifò Ayisyen te ekri lang kreyòl, lè yo te chwazi ekri l. Lang kreyòl vin posede yon òtograf ofisyèl. Kreyòl antre lé sa a nan yon lòt peryòd.

Chanjman sa a yo nan kesyon òtograf te mache ak yon gwo chanjman ki t ap fèt nan sistèm edikasyon ayisyen an. Se yon sistèm ki pa t adapte ak bezwen aktivite ekonomik ki t ap dewoule nan sosyete a, ansanm ak sa elèv yo te bezwen aprann. Se kon sa minis Jozèf Bèna vin kreye yon refòm enpòtan anpil anpil. Li vin tabli sa l rele yon « Lekòl fondamantal » ki òganize an 3 sik |cycle| sou yon peryòd ki dire 9 lane. Kreyòl te vin lang ansèyman pandan 4 premye ane lekòl yo, pwofesè yo t a dwe sèvi ak lang kreyòl pou yo anseye tout matyè eskolè. Yo t a dwe itilize lang franse sèlman aloral pandan premye ane lekòl. Se sèlman nan twazyèm ane pwofesè yo t a kòmanse anseye lang franse, men sèlman kòm lang ekri. Objektif Refòm Bèna a t ap chèche pwodui sa li rele « bileng ekilibre » apati fen dis premye ane lekòl. (Dejean 2010).    

III. Òtograf kreyòl depi ane 1980 jouk kounye a

Sa fè plis pase karant an depi lang kreyòl ayisyen gen yon òtograf ofisyèl, regilye, otonòm, epi fasil pou aprann. Anndan peyi a, se avè l tout lekòl yo sèvi non sèlman pou pwofesè yo anseye  lang lan limenm men tout lòt matyè yo tou. Se avè l tout ekriven, tout jounalis, tout politisyen, tout moun k ap bay yon enfòmasyon an piblik sèvi plis tou. Depi lane 2014, genyen yon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki dwe gen ant 33 ak 55 manm. Prezidan AKA se Pyè-Andre Pyè |Pierre-André Pierre|. Konstitisyon 1987 la deklare Ayiti gen 2 lang ofisyèl, kreyòl ak franse. Youn nan misyon AKA se « ankouraje travay sou devlòpman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn. » Si se vre gen anpil moun ki fè efò pou yo ekri an kreyòl, plis sou rezo sosyal yo (dapre lengwis ayisyen pwofesè Michèl Degraf |Michel Degraff|, kreyòl ayisyen se lang pifò Ayisyen itilize sou Entènèt), tout moun ka konstate gen anpil moun tou ki pa respekte prensip òtograf ak règ ki egziste pou ekri lang kreyòl ayisyen an. Plizyè nan règ sa a yo pa menm ak règ ki egziste pou ekri lang franse. Pandan lontan, se an franse sèlman majorite Ayisyen te eskolarize. Kifè se an franse yo te aprann li ak ekri. Li enpòtan anpil pou tout moun konnen se sèlman si yo aprann règ ak prensip  ki egziste pou ekri kreyòl ayisyen yo, y a ekri lang sa a san fè fot.

Men Alfabè Kreyòl Ayisyen :

a   an   b   ch   d   e   è

en f     g   h     i   j   k

l   m   n   ng   o ò   on

ou oun     p     r   s     t

ui       v         w       y     z     

Alfabè sa a reprezante baz òtograf ofisyèl kreyòl ayisyen an. Se yon òtograf fonemik/fonolojik kote chak son distenktif (lengwis yo rele li « fonèm », (phoneme) ann angle, (phonème) an franse) toujou genyen menm senbòl oswa « grafèm » (grapheme) ann angle, (graphème) an franse) ki reprezante li, epi chak senbòl toujou reprezante menm fonèm lan. Donk, piske gen 32 lèt nan alfabè sa a, genyen 32 son tou nan lang kreyòl la.

Lengwis ayisyen Michèl Degraf, anplis rechèch li fè sou kesyon teyorik konsènan lang kreyòl ayisyen, foure pye l fon nan kesyon rapò sosyal, edikasyon ak plas Kreyòl, Ayiti. Yon tèks li ekri sou kesyon sa a se: « Against Apartheid in Education and in Linguistics: The Case of Haitian Creole in Neo-Colonial Haiti » (2019). N ap jwenn atik sa a nan lyen sa a :

http://lingphil.scripts.mit.edu/papers/degraff/DeGraff_2019_Against_Apartheid_in_Haiti.pdf

DeGraff ekri tou yon atik sou òtograf kreyòl ayisyen ki rele: “Ann konprann chante alfabè kreyòl la”. N a jwenn atik sa a nan lyen sa a:

https://www.potomitan.info/ayiti/alfabe2.php

Lengwis Ig Senfò |Hugues Saint-Fort| prezante lang kreyòl ayisyen nan yon atik sentèz ki kouvri aspè fonolojik, sentaksik, mòfolojik, leksikal ki rele : « Kreyòl ayisyen : sa nou dwe konnen sou li. » N a jwenn atik sa a nan lyen sa a :

https://www.potomitan.info/ayiti/saint-fort/kreyol.php

Nan istwa lang kreyòl ak edikasyon Ayiti, peryòd 1979-1980 te enpòtan anpil. An n raple nan dat 18 septanm 1979, yon dekrè gouvènman te vin mete lang kreyòl ofisyèl nan tout lekòl Ayiti. Epi, nan dat 22 ak 31 janvye 1980, ministè Edikasyon Nasyonal te pibliye 2 kominike youn an franse, epi yon lòt an kreyòl ki esplike ki jan pou moun ekri lang kreyòl. Se depi lè sa a gen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen.

Nan lane 2017, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki te tabli an desanm 2014 te deside fè yon pase men sou òtograf ofisyèl la. AKA òganize yon atelye travay ki te dire sèt (7) jou avèk lengwis, edikatè… Apre atelye travay sa a, AKA pibliye yon « Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen »

 An jeneral, Rezolisyon sa a konsève prensip fondamantal òtograf kreyòl la. Men, li te rekòmande kèk ti chanjman, pa egzanp retire apostwòf, ajoute tirè, kenbe espresyon « aksan grav ». Rezolisyon an te di : « Li pa nesesè pou nou sèvi ni ak apostwòf, ni ak tirè pou nou kole yon mo ak yon lòt mo. Lè mo tankou « mwen, ou, li, nou, yo » parèt sou fòm kout (m, w, l, n, y), nou pa dwe kole yo ni ak mo ki vini anvan yo a, ni ak mo ki vini apre yo a. Annik kite yon espas pou separe yo ak lòt mo. Egz. M ap vini ; N ap dòmi ; Y ap pran l…

Men yon lòt rezolisyon AKA pran ki enpòtan e itil. Rezolisyon an di : Devan vwayèl won (o, ò, on, ou) nan yon mo, se “w”pou nou itilize; “r” pa dwe parèt. Egz. Wobè, wobo, wòch, wòwòt, pewon, won, wont. Yon lòt rezolisyon ki itil se konsènan « r » ak « w » : « r » ak « w » pa janm mache kole nan yon mo.

Konklizyon

Leson prensipal nou dwe sonje kenbe epi make sou istwa òtograf kreyòl la, jan mwen rakonte l la, se yon òtograf fonemik/fonolojik. Se limenm ki pi itil, pi daplon pou ekri lang kreyòl ayisyen an. Premye kalite yon òtograf fonemik/fonolojik se regilarite l. Se toujou yon « son », menm son an, ki koresponn ak yon « lèt », menm lèt la. Se yon òtograf ki otonòm. Li pa depann de yon lòt lang. Se yon òtograf ki klè. Òtograf Mak Kònèl-Lobak la reprezante baz prensipal, nannan, premye wòch sistèm grafik ki egziste jodi a pou ekri lang kreyòl Ayiti a. Òtograf Preswa a te yon reyaksyon kont òtograf Mak Kònèl-Lobak sa Chal-Fènan Preswa kòm entèlektyèl ayisyen frankofòn te panse li te twò anglofòn epi pa « franse » ase nan gou pa l. Poutèt sa, Preswa te pwopoze kèk chanjman, men li te kenbe baz prensipal ki te karakterize òtograf Mak Kònèl-Lobak la. An 1976, lè manm Gwoup rechèch GREKA yo te vin ak plizyè chanjman yo te pwopoze pou òtograf Preswa a, chanjman sa a yo pa t kraze nannan òtograf Preswa a. Yomenm tou, yo te kenbe baz prensipal òtograf Mak Kònèl-Lobak la. Kifè, menm jan lang kreyòl ayisyen an se yon lang otonòm, yon sistèm lengwistik ki pa mache menm jan ak sistèm lengwistik franse a, òtograf kreyòl ayisyen an se yon sistèm grafik ki endepandan. 

 

Referans:

Beaulieu, Christian (1939). Pour écrire le créole. Les Griots 4: 589-598.  

Dejean, Yves (2010). Creole and Education in Haiti. Nan: The Haitian Creole Language, History, Structure, Use, and Education, pp.199-216. New York: Lexington Books.

Dejean, Yves (1980a) Comment écrire le créole d’Haïti. Québec, Collectif Paroles.  

Dejean, Yves (1980b) Ann kase koub òtograf kreyòl la. Sel, # 8 (48-49), p. 4-5.

Doret, Frédéric (1924) Pour amuser nos tous petits : Fables de La Fontaine traduits en prose créole. Paris : Imprimerie des Orphelins-apprenants.

Etienne, Frank (Franketyèn) (1975). Dezafi.  Port-au-Prince : Editions Fardin

Giraud, Michel, Léon Gani, Danielle Manesse (1992). L’école aux Antilles. Langues et échec scolaire. Paris: Karthala.   

Hall, Robert A. (1953). Haitian Creole. Grammar, Texts, Vocabulary. Memoirs of the American Folklore Society. Vol. 43. Philadelphia. Kraus Reprint Co. New York 1969.

Hazaël-Massieux, Marie-Christine (2008). Textes anciens en créole français de la Caraïbe. Histoire et analyse. Paris : Publibook.

McConnell, Ormonde H.-Swan, Eugene Jr. (1952). You can learn Creole. A Simple Introduction to Haitian Creole for English Speaking People, 4ème édition. Imprimerie du Sauveur, Petit-Goave, Haïti, 1960; première édition 1945; deuxième édition 1952.

Moreau de Saint-Méry, Méderic-Louis-Elie (1796). Description de la partie française de l’isle de Saint-Domingue.  Paris : Edition Maurel et Taillemite.

Pressoir, Charles-Fernand (1947) Débats sur le créole et le folklore. Afriques grises ou Frances brunes ? Langue, races, religion et culture populaires, avec des textes. Port-au-Prince : Imprimerie de l’Etat.

Schieffelin, Bambi B. & Rachelle Charlier Doucet (1998). The « Real » Haitian Creole. Ideology, Metalinguistics, and Orthographic Choice. nan: Language Ideologies. Practice and Theory. Ed. by Bambi B. Schieffelin & alii. Oxford: Oxford University Press, pp.285-316.

Smith, Matthew J. (2009). Red and Black in Haiti. Radicalism, Conflict, and Political Change, 1934-1957. The University of North Carolina Press.

* Nou revize atik depa a dapre nòm PFTT-FLA yo  - L'article originel a fait l'objet d'une révision conforme aux normes rédactionnelles adoptées par le Programme de Formation en Techniques de Traduction (PFTT) LEVE-FLA