PWOGRAM FÒMASYON TEKNIK TRADIKSYON SESYON 2019-2020

  drap_franpng 

Fakilte Lengwistik Aplike  Inivèsite Leta Ayiti ak Asosyasyon LEVE fè piblik la konnen, sitou moun ki lisansye oswa ki pral lisansye nan syans lang, literati ak lòt disiplin Syans Imanite ak Sosyete (SIS), y ap anrejistre enskripsyon pou dezyèm sesyon  Pwogram Fòmasyon nan Teknik Tradiksyon (PFTT).

Soti 29 jiyè, rive vandredi 9 out 2019, nou ka vin chache fòm enskripsyon nou nan Sekretarya Fakilte a, ri Difò, # 38, Bwavèna, Pòtoprens, Ayiti, lendi pou vandredi, soti 10è nan maten jous 4è apremidi. Nou dwe ranpli fòm lan, voye l tounen nan menm adrès ak menm peryòd sa a avèk :

- 1 seve |CV|

- 1 lèt ki eksplike pou ki rezon w enterese

- 1 kopi batistè w (vin ak orijinal la pou montre)

- 2 nouvo foto paspò

- Diplòm oswa sètifika inivèsite ak diplòm bakaloreya II

- 1 kopi matrikil fiskal oswa CNI (vin ak orijinal la pou montre)

- 1500 goud pou enskripsyon.

PFTT a se yon inisyativ Asosyasyon LEVE (http://leve.ht) k ap kolabore ak Fakilte Lengwistik Aplike a. L ap fòme tèt pou rale liv ak literati soti tout kote vini nan kreyòl ayisyen nou an pou sèvi kominote a.

Nan fòmasyon sètifye sa a ki pral dire omwen 6 mwa, loreya yo ap aprann tradui literati ak lòt kalite tèks an kreyòl. Lè yo fini, y ap kapab travay kòm fòmatè, redaktè, tradiktè ak korektè nan sosyete piblikasyon tankou LEVE oubyen sèvis kominikasyon  ouswa redaksyon, nan kò piblik ak prive.

Sou kontwòl espè inivèsitè Ayisyen ak etranje k ap bay lasyans ak konesans yo nan domèn lan, ak patisipasyon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an tou, ansèyman an pral gen fondman tankou :

  1. Teyori tradiksyon
  2. Deskripsyon lang kreyòl ayisyen : grafi ak fonoloji
  3. Analiz kontras kreyòl–franse : gramè ak òtograf
  4. Metòd ak prensip jeneral tradiksyon
  5. Tradikskyon nan anviwònman yo pale plizyè lang : ka Ayiti
  6. Pratik tradiksyon franse–kreyòl pou literati
  7. Tradiksyon pratik, kreyasyon ak parametraj zouti tradiksyon
  8. Tradiksyon, antwopoloji ak kilti
  9. Lengwistik nan devlopman ekonomi ak sosyete
  10. Tèminoloji

N a p egzaminen konpetans kandida yo nan pale epi tou ekri kreyòl ak franse pou aktivite tradiksyon yo pral gen pou mennen an, lendi 12 out 2019, 10è pou 14è, nan Fakilte Lengwistik Aplike. 

Se vandredi 16 out  n a p piblye rezilta ak lis kandida k pase yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte fla@ueh.edu.ht oswa telefòn # 2226 0747.

Kòmansman fòmasyon : Lendi 9 septanm 2019.