Ki kote w a p ye lè pwochen tranblemanntè a rive ?

M poze w kesyon sa a : Ki kote w a p ye lè pwochen tranblemanntè a rive ? Se pa pou fè w pè, ni fè kè w sote. M poze w kesyon sa a pou di w kalite konstriksyon w ap fè fèt pou enterese w, kalite konstriksyon Leta ap fè fèt pou enterese w, kalite konstriksyon k ap fèt nan vil ou, nan katye vil kote w ap viv la fèt pou enterese w. Kote konstriksyon an ap fèt, jan l ap fèt la dwe enterese w : ou pa konnen kote w a p ye si gen yon tranblemanntè, sa ka rive nenpòt ki lè. Kit ou senp sitwayen, kit se dirijan ouswa chèf ou ye. Yon konstriksyon ki mal fèt jodi a ka tiye w demen, li ka tiye pitit ou, li ka tiye pitit-pitit ou. Sonje sa.

Si w se enjenyè, si w se kontremèt, si w mason, si w travay nan konstriksyon, bay kliyan w bon travay, pa vòlè materyo yo, pa vòlè lajan yo.

Si w se moun k ap enpòte materyo, materyèl pou konstriksyon, pa kòmande pwodywi ki move kalite.

Si w ap fè blòk, aprann fè l byen e mete kantite siman ki nesesè pou se pa blòk bonbon lanmidon.

Yo rakonte gen yon legliz ki t ap bati Dèlma. Pastè a te gen yon enjenyè li te angaje pou fè yon konstriksyon parasismik pou li. Enjenyè a te asire Pastè a li te fè sa. Lè 12 janvye 2010 rive, tranblemanntè a pran enjenyè a nan legliz la. Batiman an tonbe sou li !!!

Majistra, mete moun ki enjenyè toutbon, enjenyè ki konpetan nan Sèvis Jeni nan meri yo. Se pa annik mache fè lajan pou tèt nou nan chak konstriksyon pase pou n aplike sa lalwa mande fè pou gen bon konstriksyon ki pa p tiye moun.

Ministè TPTC/TPTK, fè travay ankadreman, sipèvizyon nou gen pou fè a.

 Ki kote w a p ye lè pwochen tranblemanntè a ? Depi se Ayiti w ap viv ouswa ou panse ye, sonje sa.

 

Senpati m pou tout moun ki te viktim, ki te gen moun mouri 12 janvye a.

Mèsi tout moun ki te travay pou ede Ayiti nan moman terib sa a.

 

Ki kote w a p ye lè pwochen tranblemanntè a rive ?

 

Henri-David EUSTACHE

Pòtoprens, 12/01/2023