JOUNEN ENTÈNASYONAL LANG AK KILTI KREYÒL

By Womi Jan Franswa |Romy Jean François|
Pwomosyon Leya Kileveya PFTT


Nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyòl la n ap swete tout moun yon bon fèt !
Nou tout pale kreyòl ! Nou tout se kreyòl...

Kreyòl se idantite n, se yon bon mwayen n genyen pou n pwouve tout moun istwa n konsekan nan monn lan epi nasyon n lan vle ret souvren, ak yon mantal solid.

Nou swete tout moun yon bon jounen meditasyon sou wòl lang sa a jwe nan vi n.
Nou pa p neglije pote èd pa n tou nan rekonstriksyon peyi nou an k ap bwate depi peryòd endepandans li.

Konsèy n ap bay tout konpatriyòt Ayisyen n yo se :

Toujou sonje nou se Ayisyen.
Sa vle di nou se premye nasyon esklav ki libere tèt li, premye nasyon ki rive kreye yon lang (Kreyòl) pou demake n epi pou n konbat esklavaj fizik ak mantal.

Pase yon bon fèt ...