Ayiti peyi latrin ? Kè sere sou plato CNN lan...

Apre sa Twonp fin di semenn sa a sou Ayiti, Salvadò ak tout peyi afrik yo, gen yon jounalis Ameriken ki pwofite l fin bay nouvèl nan televizyon pou l pale Ayiti anbyen. Men editoryal Anndèsonn Koupè a nan lang Ayisyen :

*

11 janvye 2018 - Anderson Cooper, vedèt prezantasyon jounal CNN - Tradiktè anonim - Koreksyon : Ana Kileveya

flag_fr.gif

 

Lire l'article en français

 

Anvan m ale aswè a mwen ta renmen di n yon mo sou Ayiti, yon peyi jodi a prezidan Ameriken an di se yon peyi latrin.

Lè m te lekòl segondè mwen te gen yon pwofesè Ayisyen ki te rele Iv Volèl |Yves Volel|. Li te konn travay di, Etazini, pou edike jenn moun. Li te tounen nan peyi l kote yo asasinen l pandan l te kandida pou l prezidan.

Mwen pase anpil tan Ayiti. Premye fwa m al la se te nan kòmansman ane 90 yo, kòm yon jenn korespondan. Nan lane 2010 se ekip SIYENNENN mwen an |CNN| ki te premye medya etranje sou plas apre tè a te fin tranble. Mwen pase plis pase yon mwa Ayiti epi m tounen plizyè fwa ankò, swa pou travay mwen, swa pou vakans.

Menm jan ak tout lòt peyi, Ayiti se yon koleksyon moun : rich ak pòv, moun ki li nan gwo liv ak moun ki pa konn li, bon ak move. Men m pa ko janm kwaze yon Ayisyen ki pa fò. Ou bije fò pou w ka reziste nan yon peyi kote kèk fwa gouvènman an abandonnen pèp la, yon kote ki pa bay anpil opòtinite epi tou, yon kote lanati ap kale popilasyon an.

Te m di nou sa klè aswé a. Pèp Ayisyen pase anpil move moman epi reziste anpil. Yo goumen anpil kont enjistis. Kalte enjistis prezidan Ameriken an pa ko janm wè nan vi l. Demen ap fè egzakteman 8 lane depi yon goudougoudou terib te frape Ayiti. Yon tranbleman mayitid 7.1 ki tiye 200 a 300 mil moun. Nou pa p janm konn dènye chif la paske gen anpil yo antere nan fòs. Yon milyon edmi moun te oblije deplase kite lakay yo.

Pandan plizyè jou ak semèn san asistans gouvènman oubyen la polis, pèp Ayisyen an fouye anba dekonm, avèk men yo ki t ap senyen, pou sove lavi moun yo pa menm konnen. Mwen te la lè yo sove yon jenn fi ki te pase yon jou anba dekonm san yo pa t gen okenn gwo zouti. Yo rive sove jenn fi sa a ak fòs Bondje ba yo, detèminasyon ak kouraj yo. Mwen te la lè yo sove yon ti gason 5 lane ki te pase plis pase 7 jou anba dekonm. Fòk ou gen anpil kouraj pou w pase 7 jou ap bwè dlo lapli anba dekonm.

Ayisyen frape men w fò lè y ap ba w lanmen. Yo gade w nan je, yo pa bat je yo. Yo kanpe dwat ak tout diyite yo. Yon diyite anpil moun nan Waytawous Mezonblanch ka aprann nan men yo. Yon diyite Prezidan Trump malgre tout lajan l ak tout pouvwa l ka aprann nan men Ayisyen yo.

Nan jounen anivèsè tranbleman tè a nan jounen sa a kote prezidan an di sa l di a sou Ayisyen, nou swete Ayisyen k ap tande n aswè a Pòtoprens, Jakmèl, Benèt, Mayami ak lòt kote, n epere yo konnen nou sonje yo epi nou renmen yo.

Gade videyo a (angle) :: Anderson Cooper's emotional message to Haiti

Li atik sa yo tou :: "Pays de merde" : Emu, Anderson Cooper répond à Donald Trump sur CNN

Anderson Cooper ravale ses larmes alors qu'il défend Haïti contre les insultes de Trump

Le présentateur-vedette de CNN étranglé par l’émotion en parlant d’Haïti