Apèl pou atik pou nimewo 2 Rechèch Etid Kreyòl

​« Rechèch Etid Kreyòl »

Laboratwa Lang, Sosyete, Edikasyon (LangSE)
Fakilte Lengwistik Aplike - Inivèsite Leta Ayiti
JEBCA Edisyon




 Kreyòl, edikasyon ak devlopman




Nou pa bezwen chèche lontan nan espas kreyolofòn ki gen baz fransè yo pou nou konstate yon paradòks : se  menm otorite ki vle espas kreyolofòn yo develope ki reprime ak toufounen kreyòl, demounize timoun tou, pandan y ap favorize fransè. Frank Fouche (1915-1978) te remake nan powèm « Jou va jouvini », moun sa yo pote paradòks la pi lwen ankò lè yo preche pandan plizyè jenerasyon « kréol » (lang ki pa te ko antre nan ansèyman peryòd la), « fèt pou neg’ sot’ ki pa konn li ak ekri ».

Si nou fè yon bilan evolisyon sistèm eskolè Ayiti a, nou ka wè klè kesyon lang lan ap poze lontan. Kòm egzanp, nou ta kapab konsidere konsta F. Doret te fè nan ane 1927, kote li t ap esprime lapenn li genyen pou ti Ayisyen yo ki pral resite yon bann fraz gramè fransè sou pretèks pwofesè yo aprann yo pale fransè alòske yo pa menm prepare elèv yo pou yo konprann fraz yo (ref. Chaudenson & Vernet, 1983). Nan menm lide sa a, Tardieu (1990) repran yon rapò Bank mondyal pwodui an 1982 apre ankèt yo mennen ant 1972 ak 1974 an Ayiti. Rezilta ankèt sa yo prezante yon dyagnostik akablan kote sistèm edikatif peyi a t ap viv anpil pwoblèm nan epòk sa a. Rapò a te chita sou done kantitatif ak kalitatif. San dout, se konsta sa yo ki pral pouse Ministè edikasyon nasyonal reyaji pandan li lanse yon seri deba epi poze kèk aksyon sou wòl lang kreyòl la nan edikasyon ak devlopman. Deba avèk aksyon sa yo pral debouche sou refòm edikatif 1979 la anba lidèchip minis Joseph C. Bernard. Nan yon diskou minis Bernard te fè 23 avril 1979, li te mete aksan sou enpòtans edikasyon pou pwosesis devlopman nan yon peyi. Li raple li menm pou detèmine objektif ekonomik avèk previzyon pou anplwa nan planifikasyon pwogram edikatif yo.
Nan sans sa a, refòm 1979 la te vize objektif pratik ki ale nan sans devlopman elèv yo epi nan devlopman peyi a tou. Men, menm si objektif sa yo parèt pètinan, kèk otè montre yo rezève sou posiblite pou objektif sa yo ta mennen nan devlopman tout bon.
 
An reyalite, malgre tout fay ak feblès refòm nan, li amelyore esperyans lengwistik yo nan sistèm edikatif la. Men, anplis aspè politik, ekonomik, avèk reprezansyon sosyal de lang yo ki yon dezavantaj enpòtan nan etablisman yon planifikasyon ki ka debouche sou yon politik lengwenstik efikas nan ledikasyon, anbiguite ki kontinye pèsiste sou fonksyon de lang yo nan lekòl yo rete yon gwo pwoblèm. Jesyon pedagojik ak didaktik de lang yo toujou ap fèt avèk anpil maladrès oswa « jan l pase l pase ». Eksepte distribisyon tan ansèyman de lang yo ; manke yon atikilasyon klè ki montre pa egzanp kòman aprantisaj matyè ki pa lengwistik yo fèt nan tou de lang yo nan kourikoulòm lekòl fondamantal la. Edikasyon bileng an Ayiti ta dwe chita sou yon chwa ki pa depaman ak sitiyasyon sosyolengwistik peyi a epi ak parantay de lang yo pou fasilite reyisit yon pi gwo kantite elèv nan tout kouch sosyal. Sa mande pou Leta montre li fèm, pou tout aktè sistèm nan respekte tout egzijans li fikse yo. Se nan sans sa a Wolf (2009) fè nou konnen nou pa kapab rive atenn objektif yon sistèm edikatif ki chita sou bezwen reyèl peyi a, san wòl Leta ki dwe egzèse yon lidèchip ki pèfòman, ki apiye sou politik ki gen jèvrin, ak yon angajman pou tabli yon edikasyon ki efikas.
Pledwaye pou kreyòl antre nan edikasyon epi patisipe nan edikasyon elèv yo oswa nan devlopman kominote kreyolofòn yo pa fèt an Ayiti sèlman. Nou jwenn li nan lòt kominote kote yon kreyòl ap kotwaye lòt lang tankou franse oswa yon lòt lang. Se egzanp, Zile Lareyinyon Si Moussa (2013) etidye, Giyàn yon Otè tankou Leglise (2004, 2007) avèk Alby (2001, 2007) etidye oswa tou ka Matinik ak Gwadloup Kremnitz (1983) ak Durizot Jno-Baptiste (1996) analize. Men, gen anpil lòt defi lengwistik ki rete pou leve nan domèn edikasyon. San nou pa pretann transpoze espreyans yo fè nan kontèks sa yo nan kontèks ayisyen an, nou sèten eksperyans sa yo ta ka sèvi enspirasyon nan etablisman yon domèn didaktik espesifik ki pran kontèks sosyolengwistik ak edikasyon ayisyen an konsiderasyon.

Dezyèm nimewo REK la ap resevwa tèks ak eksperyans travay syantifik ki trete dirèkteman oswa endirèkteman kesyon ki sanble ak ka ayisyen an. REK ap envite chèchè nan tout disiplin ki ap etidye epi reflechi sou wòl kreyòl nan kesyon edikasyon ak devlopman pou yo fè pwopozisyon rezone pou piblikasyon sou pwoblematik sila a nan dezyèm nimewo revi a.

Komite revi a ap genyen yon atansyon espesyal pou pwopozisyon ki montre enpak sosyal ansèyman oswa edikasyon (ki sa ansèyman kreyòl pote nan devlopman byenèt pèsonèl, lyen familyal, kominotè ak nayonal), ekonomik (nan ki sans ansèyman kreyòl afekte devlopman endistriyèl, agrikòl, ekspòtasyon, otonomi lokal ak nasyonal, sante, elatriye), politik (nan ki sans edikasyon an kreyòl, oubyen absans li, afekte patisipasyon nan pwosesis demokratik ak estabilite politik).
Referans nou site yo
CHAUDENSON, R. & VERNET, P. (1983). L’école en créole: Études comparée de réformes éducatives en Haïti et aux Seychelles. Québec: Agence de coopération technique.
FOUCHÉ, F. (1954). « Jou va jouvini » Optique 5, p. 67.
TARDIEU, C. (1990). L'éducation en Haïti de la période coloniale à nos jours (1980). Port-au-Prince : Imprimerie Henri Deschamps.
WOLFF, L. (2009). L’éducation en Haïti la voix du progrès. La voie du progrès. Partenariat pour la promotion de la réforme de l'éducation dans les Amériques. Washington, DC : PREAL.
 
Modalite pou transmèt pwopozisyon yo
Chak otè ap redije yon pwopozisyon atik ki ap 35 000 karaktè maksimòm, referans ak espas ladan (sou fòma Word, Times New Roman, tay 12, entèliy senp). Li va voye li nan adrès sa yo etidkreyol@gmail.com avèkcarter_charles@byu.edu epi guerlandebienaime@gmail.com an kopi. Soumèt pwopozisyon an an 2 vèsyon : yon premye ki genyen non otè a/yo, afilyasyon enstitisyonèl li/yo, adrès li/yo, plis tit pwopozisyon an avèk kò tèks la ; yon dezyèm dokiman kote otè a/yo prezante tit la avèk kò pwopozisyon an sèlman. Lang piblikasyon an
Kreyòl ayisyen, oswa lòt kreyòl ki soti nan fransè pou otè ki ap pwopoze yon atik sou kreyòl gwadloupeyen, dominikè, reyinyónè, sechelwa oswa morisyen. Si yon kòlèg etranje elabore atik li a an fransè oswa anglè, se pa yon pwoblèm.
 
Enpòtan : Nou remèsye tout kòlèg ki ap pwopoze yon atik pou piblikasyon dèske yo ap voye tit la ak yon rezime ki kapab genyen yon longè ki soti 200 rive 500 mo maksimòm nan 3 adrès yo avan 25 fevriye 2023.
 
Dat kle pou nou kenbe

25 fevriye 2023 :        Pwopozisyon rezime atik la
30 avril 2023 :            Pwopozisyon atik la bay sekretarya revi a
5 juin 2023 :               Sekretarya a retounen atik la bay otè a (yo) avèk avi motive evalyatè yo
25 jen 2022 :               Otè ki asepte yo ap retounen vèsyon definitif la bay sekretarya a
Septanm 2023 :          Enpresyon ak piblikasyon nimewo a
 
Sonje ! : Remèt maniskri a an de (2) vèsyon: youn anonim e youn ki genyen non ak atach enstitisyonèl otè a (yo) // Maniskri a ap resevwa 2 evalyasyon avèg (anonim).
 
Pou nòm redaksyon yo, navige sou paj wèb revi a : https://www.etidkreyol.com/index.html
 
Kòdinasyon nimewo a
Guerlande Bien-Aimé (Inivèsite Leta Ayiti)
Carter Charles (Brigham Young University, Etazini)