PWOGRAM FÒMASYON TEKNIK TRADIKSYON SESYON 2018-2019

  drap_fran.png  

Fakilte Aplikasyon Lengwistik Inivèsite Leta Ayiti ak Asosyasyon LEVE fè piblik la konnen, sitou moun ki lisansye ouswa ki pral lisansye nan syans lang, literati ak lòt disiplin Syans Imanite ak Sosyete (SIS), y ap anrejistre enskripsyon pou dezyèm sesyon  Pwogram Fòmasyon nan Teknik Tradiksyon (PFTT).

Soti 14, rive 24 me 2018, nou ka vin chache fòm enskripsyon nou nan Sekretarya Fakilte a, ri Difò, # 38, Bwavèna, Pòtoprens, Ayiti, lendi pou vandredi, soti 9è nan maten jous 5è apremidi. Nou dwe ranpli fòm lan, voye l tounen nan menm adrès ak menm peryòd sa a avèk :

- 1 seve |CV|

- 1 lèt ou motive

- 1 kopi batistè w (vin ak orijinal la pou montre) 

- 2 nouvo foto paspò

- Diplòm oswa sètifika inivèsite ak diplòm bakaloreya II

- 1 kopi matrikil fiskal oswa CNI (vin ak orijinal la pou montre)

- 1000 goud pou enskripsyon.

PFTT a se yon inisyativ Asosyasyon LEVE (http://leve.ht) k ap kolabore ak Fakilte Aplikasyon Lengwistik la. L ap fòme tèt pou rale liv ak literati soti tout kote vini nan kreyòl ayisyen nou an pou sèvi kominote a.

Nan fòmasyon sètifye sa a ki pral dire 6 mwa, loreya yo ap aprann tradui literati ak lòt kalite tèks franse pou kreyòl. Lè yo fini, y ap kapab travay kòm fòmatè, redaktè, tradiktè ak korektè nan sosyete piblikasyon tankou LEVE oubyen sèvis kominikasyon  ouswa redaksyon, nan kò piblik ak prive.

Sou kontwòl pi gwo espè inivèsitè Ayisyen ak etranje k ap bay lasyans ak konesans yo nan domèn lan, ak patisipasyon manm Akademi Kreyòl Ayisyen an tou, ansèyman an pral gen fondman tankou :

  1. Teyori tradiksyon
  2. Deskripsyon lang kreyòl ayisyen : grafi ak fonoloji
  3. Analiz kontras kreyòl – franse : gramè ak òtograf 
  4. Metòd ak prensip jeneral tradiksyon
  5. Tradikskyon nan anviwònman yo pale plizyè lang : ka Ayiti
  6. Pratik tradiksyon franse – kreyòl pou literati
  7. Tradiksyon pratik, kreyasyon ak parametraj zouti tradiksyon 
  8. Franse : preparasyon Sètifika Vòltè 
  9. Tradiksyon, antwopoloji ak kilti 
  10. Lengwistik nan devlopman ekonomi ak sosyete
  11. Tèminoloji

N ap egzaminen konpetans kandida yo nan pale epi tou ekri kreyòl ak franse pou  aktivite tradiksyon yo pral gen pou mennen an, 26 me 2018, 10è pou 14è, nan Fakilte Aplikasyon Lengwistik. 

Se 28 me n ap piblye resilta ak lis kandida k pase yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte fla@ueh.edu.ht oswa telefòn # 2226 0747.

Kòmansman fòmasyon :  Vandredi premye jen 2018.