PFTT 2019 : Yo vin nan konkou a...

drap_franpng
Ak lide suiv pwogram  fòmasyon 2019-2020 an sou teknik tradiksyon yo, ven premye kandida reponn kesyon* sou konesans yo genyen nan kreyòl ak franse. Tès la chache konnen si yo fò  nan dekode pawòl ki gen plizyè sans epi nan evite chare fòm fraz franse lè y ap ekri kreyòl tou. Nou egzaminen ladrès yo vin montre nan fè tan gramè franse koresponn ak  konbinezon lang ayisyen an fè avèk makè tan, makè mòd ak makè aspè l yo.

Ou t a pase egzamen sa a, dapre ou ? Di n ki jan ou t a tradui fraz sa a : "L'idée qu'il vienne me réjouit" ? E sa yo : "Il accroche sa Smart. Il l'a accroché. Il l'avait accroché. Il l'accrochera un jour. Il va le faire. C'est sûr, il l'accrochera". Yon lòt kote, ki franse ou t a ekri pou fraz sa a : "Jan te fèk sot rive achte yon dous makòs vin pote ban m" ? Ki twa sans kache ou ka jwenn nan fraz sa a : "M tande yo pale an chat kalis" ? Twò senp, pa vre ? Pinga kouri di sa... 

N ap afiche rezilta konkou a nan Fakilte Lengwistik Aplike Pòtoprens (FLA) vandredi 16 Out 2019 la, epi n ap pibliye yo sou sit Entènèt nou an tou.


DoyenPNG
Souri Dwayen FLA a, Mesye Reno Goven |Renauld Govain|, ki vin salye kandida yo, byen rilaks


* Atik sa a leve vwal sou lespri tès yo, li pa detaye yo