Ana Kileveya, pwomosyon 2017 Pwogram Fòmasyon nan Teknik Tradiksyon an (FPTT)

drap_fran.png

Ana Kileveya

Sa pa ko gen de semèn nan Fakilte Aplikasyon Lengwistik Pòtoprens lan, premye pwomosyon PFTT a ouvè pou lengwis ak pwofesyonèl literati epi tou tradiksyon.  Se trannde loreya konkou antre 2017 la ki ladan. Nou gentan animen twa sesyon tradiksyon rapid avèk yo. Konsa, nou achive kapasite ekstwòdinè yo montre depi kounye a. Se yon referans enpòtan k apral sèvi nou pou n mezire longè wout n a rive trase ansanm nan simwa.

 

ggg_1.png
Nan jounen lansman pwogram lan, lè w gade bèl souri sa yo, satisfaksyon loreya yo te klè apre siksè yo nan egzamen antre a.


Se sou menm sesyon flash sa yo nou kore tou pou n fikse ki kantite paj chak manm pwomosyon an fèt pou tradui. Nan kòmansman, nou te kalkile 80 paj. Men, chif sa a vanse triple dapre vitès nou opsève. Ansanm, nou vin dakò sou 200 paj, sa vle di 6400 paj, lè ou rasanble sa tout moun ap gen pou fè. Sa pral ban n, nan fen ane a, trant liv ak yon mwayèn 416 paj lè w mete  tèks orijinal yo anfas tradiksyon yo.